Kontak
Kontakte Nou
Kesyon Moun yo Poze Souvan
Tanpri revize lis kesyon kouran ki vin anba yo anvan’w ekri nou. Li posib pou repons kesyon w lan deja nan lis la. Gen kèk repons ki yon tijan long paske yo abòde yon pwen ki enpòtan. Sa ekonomize nou tan tou pou n pa ap plede esplike menm bagay yo chak fwa yon moun gen yon dout sou .
Kèk Kesyon Konsènan Akademi an
Byenke Diedo Academy gen yon karaktè sosyal, nou oblije touche yon ti frè sou sèvis nou yo pou nou ka asire nou nou gen ase resous pou nou kontinye bèl travay sa. Pa egzanp, nou gen plizyè pwofesè kalifye ki pase anpil tan nan kreye kou epi ede etidyan nou yo. Academi an dwe peye mesye dam sa yo. Men, nou fè tout sa kapab pou pri fòmasyon nou rete rezonab, e lè sa posib, nou konte ofri bous oswa demi bous pou etidyan ki plis pa gen mwayen yo.
Diedo Academy se yon antrepriz ki ofri sèvis edikatif a distans pou tout Ayisyen kèlkesya kote y’ap vi. Pou kounya, nou poko gen yon biwo fizik, men konpayi a fonksyone selon lwa peyi Chili, piske se la li anregistre.
- Diedo Academy se pa yon fwod paske tout moun ki ladan’l yo se Jèn Ayisyen ki motive e ki detèmine pou yo patisipe nan fè yon chanjman nan sistèm edikatif Ayisyen an, e vizaj reyèl nou nan plizyè pati sou sit la.
- Pou yon moun fè kou nan Akademi an li dwe fè omwen katran etid nan domèn li vle etidye
- Se yon konpayi ki fonksyon anba regilarizasyon peyi Chili.
Asire’w ou gen omwen katran etid nan domèn ou vle anseye epi sa w vle anseye a dwe fè pati sèvis nou ofri yo. Apresa, itlize youn nan kanal nou yo pou antre an kontak avèk nou. Gen yon etap fòmasyon kèlkeswa moun ki vle travay nan Akademi an dwe pase pou nou asire nou yo konn kilti enstitisyon an epi yo abitye ak platfòm ansèyman nou yo, espesyalman “sal klas anliy lan.
Ou ka fè yon ti donasyon oswa rejwenn nou antanke “Volontè”. Anplis de sa, lè w fè lòt moun konnen platfòm nou yo se yon fason ou ka sipòte nou.
Kèk Kesyon Konsènan Sèvis Nou yo
Majorite kou Diedo Academy ofri yo dire 10 semèn. Ou ka etidye nan pwòp orè pa’w, men ou ap gen pou prezante yon pwojè chak semèn pou jiskaske w fini kou a. W’ap gen sipò yon pwofesè ki pou ede w devlope epi evalye pwojè yo, e nan kèk ka ou ka oblije travay an gwoup ak lòt etidyan parèy ou. Nou pa gen klas an dirèk paske gen etidyan ak anseyan ki nan plizyè peyi diferan (yo pa gen menm lè). Nan kèk ka pwofesè yo ka ofri kèk reyinyon an dirèk ak youn oswa plizyè etidyan pou ede yo rezoud kèk dout.
Pou kounya nou pa ofri aksè imilite pou pwogram nou yo paske nou toujou ap fè aktyalizasyon, epi pafwa nou konn deside sispann ofri yon kou sil pa ofri rezilta nou te espere a.
Anplis de sa, selon yon rapò Bank Mondyal te sòti, pou chak 100 Ayisyen gen anviwon 40 ki pa gen yon travay fòmèl, epi sou chak 100 Ayisyen gen plis pase 50 ki gen mwens pase 30 dola ameriken pou yo viv chak jou. Chif sa yo reflete degre povrete a ann Ayiti.
Se sak fè, objektif nou se fòme etidyan nou yo pou yo ka kreye pwòp biznis yo oswa jwenn travay ki desan, sa k’ap patisipe nan reyaktivasyon ekonomi peyi a nan yon nivo makwo. Pou n rive fè sa, espè nou yo revize pwojè etidyan yo chak semèn jiskaske fòmasyon an fini.
Nou pa nik ba w aksè ak kou yo, men tou nou asire nou ke w devlope pwojè yo byen. Selon yon etid ki fèt sou “mooc” yo, gen plis pase 50% pwobablite pou yon etidyan pa rive konplete yon kou si pa gen yon pwofesè k’ap ede’l menmsi’l te fin peye lajan pou kou sa. Pou rezon sa yo, li yon tikras difisil pou nou bay etidyan yo aksè ilimite.
Pa egzanp, lè yon etidyan enskri nan yon Inivèsite, li dwe asire’l li konsève dokiman yo paske lèl fin gradye li p’ap gen aksè ak kou yo ankò. Diedo Academy fonksyone tankou nenpòt lekòl pwofesyonèl nan sans sa a.
Sa ki diferansye nou sèke nou pèmèt etidyan yo etidye nan lang manman yo kreyòl ayisyen, nan pwòp orè yo, ak kote yo vle, san yo pa oblije sakrifye tan yo pase ak fanmi yo zanmi yo ak travay yo. Men nou asire nou etidyan yo gen ase tan pou yo fini kou yo.
Pou plis enfo, tanpri kontakte nou pa mwayen fòmilè ki pi ba a.
Premyeman, revize byen ki kou oswa fòmasyon ou vle chwazi a.
Dezyèmman, peye fòmasyon an, epi nan mwens ke 48h n’ap ba’w aksè ak paj fòmasyon yo. lè w fin resevwa imel ki ba w aksè ak kou yo, ou ta dwe chanje modpas ou an. Pou gen aksè ak sal klas anliy lan, ale sou diedoacademy.org epi klike sou bouton nan tèt paj la agoch, ki di “SAL KLAS” la. l’ap mennen’ w sou yon lòt paj kote w’ap jis antre enfo yo mande’w yo epi antre.
Jeneralman yon fòmasyon gen plizyè kou anndan’l e chak kou dire anviwon 9 a 10 semèn. Pou fòmasyon yo, nou rekòmande etidyan nou yo fini de kou chak de mwa e yo ta dwe pase omwen 10 a 15 èdtan ap etidye pou chak kou chak semèn. Se sak fè nou ankouraje tout moun kreye yon bonjan orè anvan yo kòmanse kou yo.
Pou plis enfo, tanpri kontakte nou pa mwayen fòmilè ki pi ba a.
Tout edidyan ap gen aksè ak yon videyo k’ap montre yo jan pou yo sèvi itilize “Sal Klas” anliy nou an.
Pou plis enfo, tanpri kontakte nou pa mwayen fòmilè ki pi ba a.
Itilize fòm ki pi ba a pou esplike nou sitiyasyon w lan. Pa envante istwa paske n’ap pran san nou pou nou revize chak ka.
Note byen ke nou pa ofri bous konplè yon fason pou nou ka asire nou etidyan yo sou etidye vrèman.
Anplis de sa, pou kounya nou ofri èd sèlman pou ayisyen k’ap viv ann Ayiti.
Si w ka pwouve nou ke’w ap vi nan yon Kan oswa abri pou refijye menmsi w pa ann ayiti, nou ap redui pri fòmasyon nou yo jiska yon 80% selon sitiyasyon an.
Se responsablite pèsonèl Diedo Academy pou’l konnen ki moun ki kalifye ou pa pou resevwa yon èd. Pou kounya, resous nou yo vrèman limite, donk si w santi w kalifye men nou poko ka ede w, jis pran yon ti pasyans epi repostile.
Tanpri, pa voye yon lòt demann si w deja gen youn ki ankou, nou poko gen ase pèsonèl ki pou analize ka yo rapid. Si nou resevwa plizyè demann pou menm mou nan, nou ka met imel la nan “Spam”. Mèsi davans pou bonjan kolaborasyon w.
Nou ofri ranbousman jeneralman sèlman si gen yon pwoblèm teknik nan Academy an ki anpeche w etidye nòmalman e ekip sipò a pa ka rezoud li atan.
Nou ka ofri w posiblite pou chanje kou si apre de semèn ou pa renmen kou’w te chwazi a. Nou pa ofri ankenn ranbousman apre dezyèm semèn nan fin pase. Si w kite tan pou te fini fòmasyon an fini ou pa janm etidye, nou p’ap pwolonje dat aksè a e nou p’ap fè okenn ranbousman oswa chanjman pwogram. Si gen yon pwoblèm valab ki anpeche’w etidye tankou maladi, aksidan oswa lanmò, nou ap pwolonje dat la pou ou men nou p’ap fè ranbousman.