Evite Pwokrastinasyon, Kijan?

Diedo Academy edikasyon sanfwotyè

Tank aksè ak entènèt vin pi fasil, se tank li vin pi difisil pou nou ret fokis sou yon seri bagay ki enpòtan. Pa egzanp, sa pa janm rive w ou monte sou youn nan rezo sosyal yo (Facebook, Instagram, Youtube, oswa Tiktok) pou gade yon videyo ann espesyal, men ou fini pa gade plizyè lòt ankò san w pa menm rann ou kont? Si w reponn wi,  ou pa bezwen wont pou sa paske sa deja rive m tou plizyè fwa deja. 

Diedo Academy fason pou w evite pwokrastinasyon

Anfèt, lè n gen yon bagay enpòtan nou dwe fè, men olye nou fèl touswit nou jis di “N’a gentan” fèl san ke nou pa gen anyen serye ki anpeche’n fè’l touswit, sa rele pwokrastinasyon. Pwokrastinasyon lakòz anpil etidyan echwe nan etid yo, e li se youn nan koz ki fè anpil pwofesyonèl pèdi dyòb yo paske, nan tou de ka yo, moun yo pa reyisi remèt pwojè yo atan. Donk, Kijan w ka rive venk pwokrastinasyon, oswa sispann di w’a gentan? Se sa nou pral wè nan ti blòg sa.

Chèche yon bagay ki pi enpòtan pou ou pase eskiz ou yo. Si’w rive jwenn bagay sa, ebyen’m garanti w w’ap sispann di w’a gen tan. Pwokrastinasyon pa egziste. Reflechi sou bagay ki pran plis tan w yo. Kounya, imajine yo brake yon zam bò tèt moun ou pi renmen an. Yo di w si w pa fè travay sa a ou gen pou fè a nan lè w dwe fè l la, moun ou renmen anpil la ap mouri san mank. Kisa w t’ap fè? M’garanti w ou t’ap sispann pwokrastine oswa di w’a gentan paske lavi yon moun ki chè a ou menm an danje.

Kounya, reflechi sou bagay sa yo w’ap plede di w’a gentan fè a. Yon moun pwomèt ou  ke l ap ba w tout sa w te toujou imajine genyen kòm rekonpans…men ak yon sèl kondisyon: Ou dwe fè aktivite enpòtan w gen pou fè yo touswit.  Kisa w ap fè? W’ap kontinye pwokrastine…. Oswa w ap fè sa w gen pou fè yo touswit yon fason pou ka jwenn rekonpans lan?

Diedo Academy fason pou w evite pwokrastinasyon e-commerse

M garanti w si w gen yon bagay ki an je, ou pa p fè bak. Non! Ou pa p di w’a gentan. W’ap fè sa w dwe fè a touswit! Ou pa p kontinye pèdi w tan w gade vye fèyton oswa seri sa ankò. Ou p’ap pèdi tan w sou rezo sosyal ankò. Non,  Ou pa p pèdi tan w nan yon seri bagay ki pa vo anyen e ki pa gen anyen pou yo wè ak reyisit ou. 

Kounya, si w konprann leson an, “pwoblèm nan se pa pwokrastinasyon, men vrè pwoblèm nan sèke w pa vrèman bay sa w ap plede di w’a gentan fè yo ase enpòtans. Si w te ba yo ase enpòtans, ou t’ap fè yo touswit, kòmsi lavi yon zanmi w te depann de travay sa yo. Non, ou pa t’ap di w’a gentan!

Si w gen yon rezon ki fò ase pou fè sa w dwe fè a touswit, ou pa t’ap di w’a gentan fèl. Rezon w yo dwe pi solid pase eskiz ou yo. Menmsi travay la poukont pa l pa vrèman enpòtan pou ou, ou ka toujou jwenn yon rezon pou w fè l touswit. Panse ak moun ou renmen yo. Ki enpak travay sa ka gen sou lavi yo?

Si bagay la enpòtan pou avni w, avni fanmi w, avni zanmi w, ebyen mwen konseye w chèche bay tèt ou yon rezon  pou w fè l san pèdi tan … e w dwe chèche rezon sa a rapid!

Poukisa w dwe fè sakrifis la? … Poukiyès? Kijan w ap soufri alavni si w pa fè l nan lè w dwe fè l la? 

Si w pa devlope abitid pou fè sa w dwe fè yo nan lè w dwe fè yo a, menmsi w pa santi w anvi fè yo, sa pa rele pwokrastinasyon. Ou jis pa bay sa valè ase. Se swa l pa enpòtan pou ou ase, oswa w poko ba l kantite enpòtans li vrèman merite a. Kidonk, si w vrèman vle reyalize yon bagay kèlkonk, “ba l ase enpòtans”. 

Sispann gen yon mantalite ki kwense!

Sispann konfòme w ak yon “mode de vie” ki medyòk!

Si w vle plis nan vi a, ou dwe mete w a travay touswit. Sispann di w’a gentan! Ou konnen si w pran yon kou nan Diedo Academy sa ka ede’w amelyore karyè pwofesyonèl ou, sispann di w’a gentan. Enskri touswit

Si w vle plis nan vi a, ou dwe chèche yon pi gran siyifikasyon pou lavi w… Yon siyifikasyon k’ap garanti zewo pwokrastinasyon, zewo ezitasyon paske w konnen poukisa w ap fè sakrifis yo. Lè w konnen poukisa w ap lite, w ap ka andire kèlkeswa desepsyon an, kèlkeswa eprèv la. Wi, w ap ka simonte kèlkeswa echèk la!

https://kr.diedoacademy.org/shop/Edikasyon San Fwontyè

Reflechi ak tout bagay mal ki ka rive si w pa aji touswit. Kounya, ekri tout bagay pozitif ki ka rive si w aji touswit. Kisa w prefere? Kontinye di w’a gentan? Oswa sispann pèdi tan? W’ap kontinye aji touswit paske w konnen reyisit ou depann de sa. Ou konnen w pa dwe kite ankenn distraksyon anpeche w rive nan pwen kote w vle rive a. Pa kanpe jiskaske w rive! Chèche rezon sa a k’ap sèvi w kòm sous motivasyon an.  Pa bay vag jiskaske w jwenn sa w vle a!

Mwen vle fè sa! M dwe fè sa! M ka fè sa! M ap fè sa touswit… paske reyisit mwen depann de li!

Chèche rezon sa. Fè tout sa w ap fè ann amoni ak rezon sa. Pa bay vag jiskaske w reyisi!

Diedo Academy's logo

Si w bezwen plis enfo konsènan pwogram sou komès anily nou an oswa yon lòt bagay, tanpri pa ezite kontakte nou pa mwayen fòmilè kontak nou yo, Whatsapp, oswa messenger. Si w te twouve ti konsèy sa yo itil, tanpri pataje’l ak zanmi w yo.  Gen plizyè lòt sijè sou sit entènèt nou an ki ka entèrese’w. Fè kòmsi w te lakay ou, vizite avèk plezi. 

Source: Team Fearless

It’s not procrastination – You just don’t want it bad enough.

 

About The Author

Scroll to Top
Pale Avè'n
1
Ou Bezwen Èd?
Diedo Academy
Hello 👋
Kijan Nou Ka Ede W?