Sa pa janm rive ou tande yon moun di: “m’pral ouvri yon biznis”, oswa “m’pral fè yon ti komès”? Petèt, ou menm tou w konn di sa… :).
Nan langaj fòmèl, nou ka di ke moun nan anvi ouvri yon antrepriz. Sepandan, anpil moun pa janm mande tèt yo ki sa yon antrepriz ye, e kisa yo dwe konnen anvan yo antreprann aktivite enpòtan sila a san yo pa fè okenn fo pa. Nan ti atik sa, Jacquelin Quetant, yon pwofesyonèl nan domèn Kontabilite ak Finans pral esplike’w “ABC Yon Antrepriz”.
Kisa yon antrepriz ye…sa w panse?
Anfèt, yon antrepriz se yon sistèm ekonomik e sosyal, kote yon moun oubyen yon gwoup moun òganize yo pou yo ofri youn oswa plizyè pwodui a yon kominote kèlkonk. Pwodui a ka yon byen tankou yon telefòn, men tou li ka yon sèvis, kòm yon konsiltasyon.
Moun sa a, oubyen gwoup moun nan mete resous yo genyen yo ansanm nan lide pou yo atenn yon objektif. Objektif sa gen rapò sere sere ak misyon antrepriz la.
Kisa misyon antrepriz la ye? Pou’m reponn ou kesyon sa, m’ap entwodui yon lòt tèm ki enpòtan anpil anpil ki se vizyon yon antrepriz. Ann di misyon antrepriz la se yon bousòl ki ap endike yon antreprenè nan ki chemen li dwe fè pou’l rive nan destinasyon an ki se vizyon antrepriz la. Nou bay plis detay sou sa nan kou antreprenarya nou ofri nan akademi an.
Li enpòtan pou n konnen ke yon antrepriz gen pou piti kat(4) misyon:
Misyon ekonomik
Tout antrepriz ki monte patisipe nan ba moun travay, sa ki gen yon efè pozitif sou ekonomi an, paske plis lajan ap sikile se plis leta ap fè kòb nan kesyon taks ak enpo. Kidonk, li enpòtan anpil pou n mete nouvèl antrepriz sou pye.
Misyon komèsyal
Antrepriz sa kreye nan lide pou l mete kèk byen oswa sèvis sou mache a. Selon sektè aktivite pwopriyetè a (yo) chwazi antre a, pwodui l’ap ofri yo dwe satisfè yon bezwen oubyen rezoud yon pwoblèm, konsa biznis li an paka pa mache.
Misyon finansyè
Atravè misyon finansyè a, antrepriz la swete fè benefis nan aktivite eksplwatasyon l yo. Men, anpil fwa olye moun yo fè lajan yo konn pèdi anpil lajan nan zafè antrepriz sa a, ou konn sa k fè sa ? Paske gen anpil bagay yo pa metrize. Pou sa pa rive, w fòme tèt ou anvan w mete yon adoken nan nenpòt biznis lan, epi fò w byen konnen sektè w’ap antre a pou w pa al pantan sou move sipriz. Mwen vle felite’w lefètke w pran yon ti tan pou w li atik sa. Mwen konseye’w kontinye sou menm liy sa.
Anfèt, nou dwe konnen tou se pa tout antrepriz ki kreye nan lide pou fè lajan. Sak fè m di sa? N’ap retounen sou sa pi devan.
Misyon sosyal
A travè misyon sila a, antrepriz la dwe asire byennèt kominote a, patisipe nan pwoteksyon anviwònman, ede moun ki pa kapab yo avanse, eksetera. Li ka ede yo nan kad pwogram edikatif li lanse, epi li ka ede tou nan bay kèk timoun bous, elatriye.
Yon fason jeneral, misyon antrepriz la se sa ki pouse “antreprenè yo” monte antrepriz la. Wi! Misyon an se ADN antrepriz la. Dayè, pa gen antrepriz serye san misyon. Pou jwenn misyon an, men kèk ti kesyon w ka poze:
Kisa antrepriz la pral ofri kòm pwodwi ? Pou ki piblik ? Ki enpak l ap fè ?
Nou deja esplike sa yon antrepriz ye, epi nou pale sou yon pwen enpòtan nan kesyon antrepriz ki se misyon. Kounya, nou pral pale sou diferan tip antrepriz ki egziste yo.
Diferan Tip antrepriz ki egziste yo
Genyen pou piti de (2) tip antrepriz:
- Antrepriz ki kreye pou jenere pwofi.
Antrepriz ki monte nan lide pou fè kòb (Entreprises à but lucratif) yo fè lajan atravè byen oubyen sèvis y ap ofri nan ekonomi an, sa ki yon fè nòmal paske, lefètke yo depanse pou rann byen an oubyen sèvis la disponib, yo paka ofri yo gratis. Objektif prensipal antrepriz sa yo se jenere pwofi.
Yon egzanp klè se Markancetech , yon ajans marketing digiatal Ayisyen ki kreye tout kalite sit entènèt e ki ofri sèvis nan kesyon piblisite, kontabilite, ak finans. Pa egzang, yo ka ede w kreye yon antrepriz san pwoblèm.
- Antrepriz sosyal
Antrepriz ki monte nan lide pou ede sèlman (Entreprises à but non lucratif) yo pa kreye nan objektif pou fè lajan. Se sak fè yo ofri yon sèvis ki prèske gratis. Antrepriz sa yo gen moun oubyen enstitisyon k ap finanse aktivite yo, se sa ki fè yo pa kraze nan yon bat je. Moun ki finanse tip antrepriz sa yo rele : « Bailleurs de fonds » oubyen « Donatè ».
Kidonk, ou dwe genyen sa klè nan tèt ou pa gen anyen ki gratis vre, sèvis w ap konsome gratis la gen yon moun ki peye l pou ou.
Diedo Academy se egzanp yon antrepriz sosyal. Prensipal objektif nou se ede jèn Ayisyen gen aksè ak yon edikasyon siperyè san yo pa oblije sakrifye vi yo, travay yo, ak tan yo pase ak fanmi yo.
Finalman, annou pale sou diferan fòm ekonomik yon antrepriz.
Fòm ekonomik yon antrepriz
Generalman yo pale de twa(3) fòm ekonomik yon antrepriz ka adòpte. Si w swete monte yon antrepriz, se youn nan twa fòm sa yo wap chwazi kanmèm.
Gen ekspè nan Markancetech ki ka akonpanye w nan demach sila a depi nan etap analiz ide a pou rive nan mete pwodui a sou mache a, oubyen w ka chwazi pran youn nan kou espesyalis Diedo Academy yo ofri yo k ap pèmèt ou jere antrepriz la yon fason efisyant. Nou la pou ou!
Premye fòm antrepriz la se antrepriz de sèvis
Se yon antrepriz kote se sèvis yo vann ladan l sèlman. Yon sèvis se yon bagay ou pa ka wè l ni touche l. Nan tout ekonomi gen antrepriz sèvis paske sosyete a pa ka fonksyone san antrepriz sa yo.
Pa egzanp, Diedo academy se yon antrepriz kap bay sèvis edikatif, kidonk li se yon antrepriz de sèvis. Yon kabinè ekspè kontab, yon kabinè avoka tout se egzanp antrepriz de sèvis.
Antrepriz komèsyal
Se yon antrepriz kote pwopriyetè yo achte machandiz pou revann nan objektif pou l fè pwofi. Fòm ekonomik antrepriz sa a pa difisil pou mete sou pye.
Antrepriz endistriyèl ou de pwodiksyon
Fòm antrepriz sa yo enpòtan anpil paske generalman yo kreye anpil travay nan ekonomi an. Yo pèmèt antreprenè yo inove plis. Nou ka remake yo pa pote boure sou fòm antrepriz sa yo, rezon an se paske yo mande anpil travay. Jeneralman, antreprenè yo plis ale nan antrepriz komèsyal, byenke gen anpil lajan nan antrepriz pwodiksyon yo tou. Antrepriz sa yo fè pwodiksyon, sa yo rive pwodui yo rele pwodui fini. Pou travay sa a rive fèt yo itilize yon eleman enpòtan anpil ke yo rele matyè premyè.
Pa egzanp Pòl gen yon antrepriz kote li transfòme mango an ji an poud. Matyè premyè a se mango, pwodwi fini an se ji an poud la.
Yon moun ki annik achte mango a li revann li lapoula ak yon lòt ki achte menm mango sa a epi li transfòme l kiyès kap fè plis lajan ?
Li toujou bon poun kreye pwòp antrepriz nou, paske se sa k ap pèmèt nou jwenn vrè endepandans finansyè a. Se nan kreyasyon ANTREPRIZ richès la ye!
A ki fòm ekonomik antrepriz ou entèrese ? Fè nou konnen nan yon kòmantè sou messenger oswa whatsapp tanpri!
Si w entèrese monte pwòp antrepriz ou, pwofesyonèl MarkanceTech yo ap ede w fè rèv ou a tounen yon reyalite.
Sa fè nou anpil plezi paske w li tout atik la. Ou gen kèk zanmi w ti leson sa te ka itil? Tanpri, pa ezite pataje’l avèk yo.
_Otè Prensipal Atik sa se Jacquelin Quetant, Pwofesè Kontabilite ak Finans nan Diedo Academy.