5 Tips Pou Aprann Anglè

Aprann Pale angè

Anglè se youn nan lang yo plis pale nan monn nan. Keseswa se pou kesyon travay, vwayaj, edikasyon oswa jis pou plezi, anpil moun gen gwo dezi pou yo aprann bèl lang sa a. Men, malerezman gen anpil moun ki twouve’l difisil pou yo aprann Anglè. Lefètke w’ap li ti pòs sa se yon prèv klè ki montre ke w gen bonjan enterè tou pou’w aprann Anglè. Se sa k fè nan pòs sa, mwen pral pataje 5 ti konsèy ansanm avè w ki ka ede’w fè premye pa a nan gwo vwayaj sa. 

1. Pale Anglè Chak Jou

Jan yon ekspresyon Anglè fè konn sa, “Practice makes permanent”. Literalman sa vle di ke tank ou pratike yon bagay se tank li rete nan sèvo’w. Nan ka pa Anglè se pa yon eksepsyon. Tank ou fè pratik, se tank w ap vin santi w pi alèz pou w ouvri bouch ou pou w pale kòm sa dwa! W’ap fè erè, men sa fè pati pwosesis aprantisaj la.

2. Travay Sou Pwononsyasyon w

Plizyè fwa mwen rankontre moun ki di m “monchè’m konprann tout sa yo di m lè yon moun ap pale avè’m, men mwen jis pa ka ouvri bouch mwen pou’m pale”. Sa k fè sa? Repons lan senp. Pwoblèm pwonosyasyon. Wi, Si w gen pwoblèm pou’w pwononse mo yo, li ka difisil pou fè lòt moun konprann sa w vle di lè w ap pale yon lang. Pwen sa vrèman mache ak premye a. Tank ou pratike, se tank wap vin pi maton nan fason’w pwononse mo yo ann Anglè.

3. Anrichi Vokabilè w

Sa se yon pwen ki byen senp, pa vre? Si w pa etidye vokabilè li ka difisil pou jwenn ase mo pou kenbe yon konvèsasyon ann Anglè pandan kèk minit, oswa kantite tan sa nesesè a. Pou rive anrichi vokabilè w, ou dwe aplike de pwen nou deja konsidere yo, epi de sa ki vin ann apre yo tou vrèman enpòtan pou kesyon vokabilè.

4. Pran Abitid Li Ann Anglè

Jan nou te di sa pi devan an, tank ou li ann Anglè, se tank w’ap rankontre yon seri mo nouvo. Anplis de sa, w ap wè diferan fason w dwe amplaye mo sa yo tou. Li enpòtan anpil pou’w pran nòt lè w jwenn yon mo w pat konnen deja. Mo sa a, ou dwe ekri’l ak kontèks li e si posib, fè yon fraz ak pwòp mo pa w avèk li. Finalman, nouvo mo w aprann yo dwe fè pati pwochen konvèsasyon ke w pral genyen ak lòt moun yon fason pou yo ka ret nan tèt ou. Pa bliye, “Practice makes permanent”.

5. Tande Mizik Epi Gade Fim Ann Anglè

Tande mizik ak gade fim ann Anglè vrèman enpòtan paske yo ede’w wè kijan w dwe pwononse mo yo. Ou dwe imite aktè yo nan fason yo pale oswa pwononse. Asire w ou gen yon bon kas lè w ap tande yon mizik oswa gade yon fim ann Anglè. Okòmansman, ou ta dwe aktive liriks oswa soutit yo yon fason pou ka wè ki sa moun yo di, men pi devan, ou dwe dezaktive yo. 

Bonis: Pran Èd yon moun ki Pale Anglè Byen

Pafwa, li ka difisil pou’w aprann Anglè poukont ou, e nou pa ankouraje w fè sa nonplis. Nan Diedo Academy, nou gen yon fòmasyon konplè ki ka ede’w pale anglè tankou yon Pro. Sa ki entèresan sèke ou ka etidye lè w vle, kote w vle, epi pwogram nan pa chè. Nou ba ou yon fòmasyon ki gen sis kou, e chak kou dire anviron de mwa. Lè w fini fòmasyon sa w ap ka “ouvri bouch ou pou w pale san pwoblèm”,  “Li ann Anglè trè byen”, “Tande epi konprann sa yo di w”, epi “Ekri” ann Anglè. Nou garanti w ou pap regrèt paske w te etidye nan Diedo Academy.

aprann pale anglè

Si w bezwen plis enfo konsènan pwogram Anglè a oswa yon lòt bagay, tanpri pa ezite kontakte nou pa mwayen fòmilè kontak nou yo, Whatsapp, oswa messenger. Si w te twouve ti konsèy sa yo itil, tanpri pataje’l ak zanmi w yo.  Gen plizyè lòt sijè sou sit entènèt nou an ki ka entèrese’w. Fè kòmsi w te lakay ou, vizite avèk plezi. 

About The Author

Scroll to Top
Pale Avè'n
1
Ou Bezwen Èd?
Diedo Academy
Hello 👋
Kijan Nou Ka Ede W?