Byenvini Sou diedo academy
Karyè'w kòmanse Avè'n.
Nou se yon òganizasyon ki gen pou misyon ede tout jèn Ayisyen gen aksè ak edikasyon siperyè nan lang manman yo, Kreyòl Ayisyen, kèlkeswa ran sosyal yo, kote yo soti, oswa mwayen ekonomik yo san yo pa oblije sakrifye tan yo pase ak fanmi yo oswa nan travay yo.
Poukisa w Dwe Chwazi Nou?
Nou se youn nan premye Sant Fòmasyon Teknik Siperyè Ayisyen ki pèmèt ou menm ak tout rès Konpatriyòt nou yo aprann epi "reflechi" nan lang nou pi byen konprann nan, Kreyòl Ayisyen. Chak fwa w peye yon kou oswa fè yon ti donasyon nan Diedo Academy, ou rann li posib pou sila yo ki pa gen mwayen pou yo peye yo etidye prèske gratis pa mwayen "bous pou etidye" Academy an ofri yo.
Pwofesè ki kalifye
Tout pwofesè nou yo se moun ki te pase "pou pi piti katran nan Inivèsite". Nou gen pwofesè ki soti FDS, INUKA, ak lòt fakilte entènasyonal tankou UoPeople, Etazini, ak SantiagoCFT, Chili.
Kou ki pi popilè yo
Nan Diedo Academy, Nou plis konsantre nou sou kou nou konnen k'ap ede w kreye pwòp biznis ou oswa jwenn travay san pèdi tan yo. Se sak fè, nou ofri kou sou Administrasyon Antrepriz, Digital Marketing & Design, ak Teknoloji Enfòmatik. Ak Diedo Academy, " Se kou'l cho'l kwit!". Sa vle di, jis fini yon fòmasyon, epi kòmanse fè bèl mèvèy.
konsènan Diedo Academy
Nou se Premye lekòl Ayisyen ki pèmèt ou aprann oswa anseye yon pwofesyon nan lang manman'w, Kreyòl Ayisyen, san w pa oblije sot lakay ou ni sakrifye tan'w pase ak fanmi w.
Fòmasyon Ki Pi Popilè Nou Yo.
Klike Sou Chak Blòk Pou Plis Enfo
Aprende Criollo Haitiano Con Nuestros Expertos Nativos


Criollo Haitiano Nivel Uno
En este curso, podrás aprender los conceptos fundamentales del idioma. Al terminar este curso, serás un Pro en leer y pronunciar en criollo hatiano entre otras cosas. Además, tendrás conocimientos básicos sobre la cultura haitiana.

Criollo Haitiano Nivel Dos
En este curso, aprenderás conceptos intermedios del idioma. Al terminar este curso, serás capaz de armar tus propias oraciones y empezar a penzar en criollo haitiano. Además, tendrás conocimientos intermedios sobre la cultura haitiana.

Criollo Haitiano Nivel Tres
En este curso podrás aprender conceptos avanzados del idioma. Al terminar este curso serás un Pro en generar contenidos y penzar en criollo haititiano. Además, tendrás conocimientos avanzados sobre la cultura haitiana.
Gade Opinyon Kèk Konpatriyòt



